Add parallel Print Page Options

Relasyon pitit ak paran

Timoun obeyi paran nou jan Bondye vle l la, paske se sa ki dwe fèt. “Onore papa w ak manman ou.”[a] Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès ki mache avè l. Pwomès la se: “Lè sa a, tout bagay ap mache byen pou ou, epi ou ap viv lontan sou latè.”[b]

Nou menm papa yo, pa aji ak pitit nou yo nan fason k ap eksite kòlè yo. Okontrè, se pou n elve yo byen. Se pou n enstwi yo epi korije yo dapre prensip pawòl Bondye.

Relasyon mèt ak esklav

Nou menm esklav yo, obeyi mèt nou genyen sou latè yo ak anpil respè. Fè sa ak tout kè nou, menm jan nou obeyi Kris la. Pa obeyi mèt yo jis pou fè yo plezi, lè nou devan je yo. Men, se pou n obeyi yo ak yon kè ki sensè, menm lè yo p ap veye nou. Lè n ap fè travay nou antan esklav, fè l ak kè kontan. Konsidere se pa pou moun n ap travay, men se pou Senyè a. Paske, sonje sa byen: kit yon moun se esklav kit li pa esklav, li gen pou l resevwa rekonpans li nan men Senyè a pou bon travay li te fè.

Nou menm mèt yo, menm jan an tou, se pou nou trete esklav nou yo byen. Piga nou fè yo menas ak pawòl nan bouch nou. Pa bliye, ni nou menm ni esklav yo, nou tout gen yon sèl mèt, Senyè a ki nan syèl la, epi li pa nan paspouki ak pèsonn.

Abiye nou pou lagè

10 Pou fini, chache fòs nou nan Senyè a ak nan gwo pouvwa li. 11 Mete sou nou tout zam Bondye yo pou nou ka kanpe fèm kont tout taktik Dyab la. 12 Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo. 13 Se sa k fè menm nou dwe pran tout zam Bondye ban nou yo, pou lè jou batay la rive, nou ka kanpe fèm devan lènmi an. Wi, fè tout sa poutèt pou, apre batay la fini, nou ka kontinye kanpe nan pozisyon nou.

14 Kidonk, prepare nou. Sèvi ak verite a tankou yon sentiwon pou mare ren nou. Viv yon vi ki dwat se tankou yon plak pwotèj sòlda yo pou pwoteje lestomak nou. 15 Sèvi ak Levanjil ki bay lapè a tankou yon soulye pou n mete nan pye nou. 16 Sèvi tou ak lafwa nou nan Bondye tankou yon defans pou nou bloke tout flèch tou limen lènmi an ap voye sou nou. 17 Konsa tou, resevwa delivrans Bondye bay la tankou yon kas pou n mete nan tèt nou. Epi tou pran nepe Sentespri a, pawòl Bondye a menm. 18 Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.

19 Kontinye priye pou mwen tou, konsa, lè m ap pale, pou Bondye ban m pawòl pou m anonse verite sekrè Levanjil la san m pa pè anyen. 20 Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt.

Dènye salitasyon

21 M ap voye Tichik ban nou, frè byeneme nou Kris la, ki fidèl nan sèvis pou Senyè a. L a di nou tout sa k konsène m pou nou ka konnen tou kijan m ap debouye m. 22 M ap voye l ban nou espre pou nou ka konnen nouvèl mwen epi pou l ka ankouraje nou.

23 M ap priye Bondye Papa a ansanm ak Senyè Jezikris pou bay tout frè ak sè nou yo lapè, lanmou ak lafwa. 24 Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fini.

Footnotes

  1. 6:2 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:12; Det 5:16.
  2. 6:3 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:12; Det 5:16.