Add parallel Print Page Options

Travay Pòl pou moun ki pa Jwif yo

Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif. Nou konnen byen, Bondye ban m fè travay sa a, nan gras li, pou m ede nou. Bondye te montre m plan sekrè li pou m ka konnen l. Mwen gentan ekri kèk bagay deja sou sa. Epi si nou li sa m te ekri tou brèf anvan yo, n ap wè mwen konprann verite sekrè ki konsènen Kris la vre. Moun ki te viv nan tout jenerasyon pase yo pa t konnen verite sa a. Men, kounye a, pa mwayen Sentespri a, Bondye fè apot li yo ak pwofèt li yo konnen verite ki te sekrè a. Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la.

Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a. Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la. Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè. 10 Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la. 11 Sa fèt konsa, dapre plan Bondye te genyen depi okòmansman an. Li fè plan sa a reyalize nan Jezikris Senyè nou an. 12 Nan Kris la, nou kapab pwoche devan Bondye ak tout libète, san nou pa pè angnen. Nou ka fè sa poutèt lafwa nou nan Kris la.[a] 13 Konsa, m ap mande nou pou nou pa dekouraje poutèt sa k rive m nan. Paske, soufrans mwen yo se yon trè bèl avantaj pou nou.

Lamou Kris la

14 Se pou rezon sa a, m ap priye Bondye Papa a. 15 Se nan li tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo. 16 M ap mande Bondye Papa a, dapre richès glwa li, pou l fòtifye nou nan mantal nou, pa mwayen Sentespri li. 17 Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen. 18 M ap priye pou Bondye fè ni nou menm, ni tout lòt moun yo ki nan pèp Bondye a rive konprann lajè, longè, wotè, ak pwofondè lanmou Kris la. 19 Se vre, pèsonn p ap ka rive konnen grandè lanmou Kris la nètale. Malgre sa, m priye pou nou rive konnen lanmou sa a pou nou ka vin ranpli ak tou richès ki nan Bondye.

20 Bondye aji nan nou ak puisans. Lè nou mande Bondye yon bagay, li ka fè pi plis pase tout sa nou mande oubyen imajine. 21 Tout glwa se pou Bondye, nan legliz ak nan Jezikris, pou tout tan. Amèn.

Footnotes

  1. 3:12 lafwa nou nan Kris la Oubyen “poutèt fidelite li”.