Add parallel Print Page Options

¶ Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye.

Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pa t' dwe fè, paske li menm poutèt pa l', li fèb tou sou anpil pwen.

Se sak fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l' ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l' yo tou, paske li menm tou li fèb.

Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon.

Se konsa, Kris la pa t' chwazi tèt li pou l' te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l' nan men Bondye ki te di li: Ou se pitit mwen, depi jòdi a se mwen ki papa ou.

Li di yon lòt kote ankò: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.

Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.

Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.

Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,

10 ¶ paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye.

11 Mwen gen anpil bagay pou m' ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou.

12 Depi tout tan sa a, se pou n' te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje.

13 Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon.

14 Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.

Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye granprèt la genyen pwòp feblès pa l. Konsa, li ka aji avèk dousè ak moun ki fè sa ki mal poutèt inyorans yo. Se rezon sa a ki fè li ofri sakrifis pou peche pa l menm jan li ofri sakrifis pou peche pèp la.

Se yon onè pou yon moun vin granprèt. Poutan, okenn moun pa ka chwazi tèt li pou l fè travay sa a. Se Bondye ki pou rele l menm jan li te fè l pou Arawon. Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di:

“Ou se Pitit mwen.
    Mwen se Papa w apati de jodi a.”[a]

Nan yon lòt pasaj Bondye di l:

“Ou se sakrifikatè pou letènite
    nan menm liy ak Mèlkisedèk.”[b]

Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye. Jezi se Pitit Bondye, men li te soufri kanmenm epi li te aprann obeyi kèlkeswa sa Bondye di, nan mitan soufrans li yo. Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan. 10 Wi, Bondye etabli Jezi granprèt nan menm liy ak Mèlkisedèk.

Atansyon: Pa abandone lafwa!

11 Nou gen anpil lòt koze pou nou di sou sijè sa a. Men nou gen difikilte pou nou ta di yo paske nou vin tèlman lou pou nou konprann. 12 Nan moman kote n ap pale la a, nou te dwe tounen mèt deja. Poutan nou bezwen moun anseye nou premye nosyon Pawòl Bondye yo toujou. Nou pako gran ase pou yo ban nou manje solid. 13 Se ti bebe ki bwè lèt sèlman pou yo viv. Anplis, yo pako ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. 14 Men, gwo manje se pou moun ki kite laj ti bebe. Yo ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal.

Footnotes

  1. 5:5 Sitasyon sa a soti nan Sòm 2:7.
  2. 5:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 110:4.