Add parallel Print Page Options

Delivrans nou resevwa a gen plis valè pase Lalwa

Se poutèt sa, nou dwe fè plis atansyon toujou ak ansèyman nou te resevwa a. Wi, nou dwe fè atansyon pou nou pa vire do kite wout dwat la detanzantan. Mesaj yo te pote a montre li gen tout valè li. Tout moun ki te meprize l oswa ki te dezobeyi l te jwenn pinisyon yo merite pou sa. Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a. Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.

Jezi vin fèt pòtrè ak pèp li a pou l ka sove yo

Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a. Men sa ki ekri nan Bib la:

“Poukisa moun enpòtan pou ou konsa?
    Pou kisa ou panse ak moun menm?
Poukisa ou pran swen pitit lòm nan[a]?
    Poukisa li enpòtan pou ou konsa?
Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan.
    Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.
Ou mete tout bagay anba kontwòl[b] li.”[c]

Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li. Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.

10 Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay[d] nan li. Konsa, li ka sove anpil moun.

11 Konsa, Jezi ki fè moun vin sen an, ansanm ak moun ki vin sen yo, yo tout soti nan menm fanmi lan. Se sa k fè Jezi pa wont pou l rele yo frè ak sè li. 12 Li di:

“Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo.
    M ap chante louwanj ou devan tout moun.”[e]

13 Li di ankò:

“M ap mete konfyans mwen nan Bondye.”[f]

Epi li di:

“Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.”[g]

14 Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, konsa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a. 15 Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò. 16 Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini. 17 Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la. 18 Wi, poutèt Jezi te sibi soufrans ak tantasyon, li ka pote sekou bay sila yo k ap sibi tantasyon.

Footnotes

  1. 2:6 pitit lòm nan Sa ka vle di yon moun kèlkonk, men lè “Pitit Lòm nan” se yon non (gade Pitit Lòm nan nan Lis Mo yo) ki prèske toujou vle di Jezi, sa montre kijan Bondye te gen plan pou tout moun.
  2. 2:8 kontwòl Literalman, “anba pye”.
  3. 2:8 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:4-6.
  4. 2:10 pyès fay Konplè san manke anyen.
  5. 2:12 Sitasyon sa a soti nan Sòm 22:22.
  6. 2:13 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:17.
  7. 2:13 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:18.