Add parallel Print Page Options

Adorasyon ki nan gou Bondye

13 Se pou nou kontinye renmen youn lòt tankou frè ak sè. Toujou sonje pou n byen resevwa moun ki vin lakay nou. Nan byen resevwa moun gen kèk moun ki konn resevwa zanj lakay yo san yo pa menm konnen. Se pou nou sonje sila yo ki nan prizon kòmsi nou te anndan prizon an ansanm avè yo. Sonje sa yo y ap fè pase mati kòmsi nou menm tou nou t ap pase mati.

Tout moun dwe onore maryaj. Mari ak madanm dwe rete fidèl youn anvè lòt. Bondye ap jije tout moun ki komèt adiltè, ak lòt peche seksyèl. Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di:

“Mwen p ap janm kite w,
    mwen p ap janm abandone w.”[a]

Se sa ki fè nou pa bezwen pè di:

“Senyè a se sekou mwen.
    Poutèt sa, nou kapab di ak fòs:
    Ki sa lèzòm ka fè m?”[b]

Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo. Menm Jezikri ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan. Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.

10 Nou gen yon otèl,[c] prèt yo ka sèvi nan Tant ki sen an, yo pa gen dwa manje ladan l. 11 Granprèt yo pote san bèt yo pou peche yo Kote ki pi Sen an. Men se deyò kan an yo boule kò bèt yo. 12 Menm jan an tou, Jezi te soufri deyò vil la. Li mouri pou li ka fè pèp la sen ak pwòp san li. 13 Alò, an nou soti al jwenn Jezi deyò kan an. An nou pote menm chay lawont li te pote a. 14 Nou pa gen yon vil ki la pou tout tan isit sou latè. Men n ap tann vil ki gen pou vini an. 15 Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikri. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye. 16 Pa bliye fè sa ki byen. Sonje pataje sa n genyen. Paske se kalite sakrifis sa yo Bondye renmen.

17 Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, konsa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè konsa li p ap nan avantaj nou ditou.

18 Kontinye priye pou nou. Nou gen yon konsyans ki klè, paske nou toujou eseye fè sa ki pi byen. 19 M ap ankouraje nou pou n priye sitou pou Bondye ka pèmèt mwen tounen vin jwenn nou pi vit.

20-21 Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikri pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!

22 Frè m ak sè m yo, mwen priye nou an gras, pou nou koute ak pasyans de ti mo ankourajman sa yo mwen ekri tou kout voye ban nou. 23 Mwen vle fè nou konnen frè nou Timote lage, li pa nan prizon ankò. Si l vini nan yon tan ki pa long, mwen menm ansanm avè l n ap pase wè nou.

24 Mwen voye salitasyon pou tout lidè yo ak tout pèp Bondye a. Tout kretyen ki soti Itali yo voye salitasyon.

25 Se pou gras Bondye rete avèk nou tout.

Footnotes

  1. 13:5 Sitasyon sa a soti nan Det 31:6.
  2. 13:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:6.
  3. 13:10 Li vèsè 15-16, yo eksplike se Jezi ki lotèl la kote disip li yo pote bay Bondye anpil sakrifis louwanj avèk aksyon de gras.