Add parallel Print Page Options

Lafwa

11 Lafwa se yon konviksyon sa nou espere a ap rive toutbon vre. Se yon asirans sa nou pa wè a li egziste toutbon vre. Kèk moun ki te viv nan tan lontan te fè kè Bondye kontan paske yo te gen kalite lafwa sa.

Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou.

Abèl te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè l te ofri yon pi bon sakrifis pase Kayen. Bondye te pran plezi nan sa Abèl te ofri ba li a. Konsa, li temwanye Abèl se yon nonm ki fè sa Bondye vle. Abèl mouri se vre, men poutèt lafwa li, se kòmsi li toujou ap pale.

Enòk te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè Bondye te pran l pou ale viv ansanm avè l, san l pa pase pa lanmò. Lè moun t ap chache l, yo pa t ka jwenn li, paske Bondye te pran l bò kote l. Bib la bay prèv Enòk te fè Bondye plezi. Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.

Noye te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè lè li te jwenn avètisman sou bagay ki pa t ko janm rive, li te pran l pou pawòl serye. Konsa li bati yon gwo bato pou sove fanmi li. Lafwa Noye te sèvi kondanasyon pou lemonn. Li antre nan kategori moun ki te jis devan Bondye gras ak lafwa li.

Abraram te gen lafwa nan Bondye. Bondye rele Abraram pou l kite peyi l pou l te ale yon lòt kote li te pwomèt l ap ba li. Abraram te pati, menm lè li pa t menm konnen ki kote l prale. Abraram te viv tankou moun ki de pasaj nan pwòp tè Bondye te pwomèt li yo. Abraram te gen lafwa nan Bondye, se sa ki fè li te viv anba tant menm jan ak Izarak ak Jakòb ki te vin eritye menm pwomès la. 10 Abraram t ap tann yon vil[a] ki gen yon fondasyon reyèl. Li t ap tann vil Bondye te fè plan bati epi li te bati a.

11 Sara pa t ka fè pitit epi Abraram te fin granmoun. Men malgre sa Abraram te gen lafwa nan Bondye. Li te kwè Bondye ap kenbe pwomès li. Konsa, Bondye te ba yo pitit. 12 Abraram te tèlman granmoun lanmò te gentan make l. Poutan, pitit granmoun sa a ta pral tèlman fè pitit, pitit sa yo te vin anpil tankou zetwal yo ki nan syèl la, ak tankou grenn sab bò lanmè.

13 Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè. 14 Lè moun rekonèt yon bagay konsa, yo montre y ap tann yon peyi ki va rele yo chèmèt chèmètrès. 15 Si yo te regrèt peyi yo te kite a, yo te ka fè lide tounen dèyè. 16 Men yo te gen lespri yo konsantre sou yon pi bon peyi, yon peyi nan syèl la. Se sa ki fè Bondye pa wont lè yo rele l Bondye yo. E li prepare yon vil pou yo.

17-18 Bondye pase Abraram yon tès. Bondye pase l lòd pou l ofri Izarak an sakrifis. Abraram obeyi paske li te gen lafwa. Li te gentan gen pwomès Bondye kòm garanti. Bondye te gentan di l: “Se pa mwayen Izarak mwen pral ba w pitit pitit.”[b] Abraram te tou pare pou ofri sèl pitit gason l lan. Li te fè sa, paske li te fè Bondye konfyans. 19 Li te kwè Bondye te ka resisite moun ki mouri. Nan yon sans, nan moman lè Bondye te anpeche Abraram touye Izaak la, se kòmsi se resisite Bondye te resisite l.

20 Izarak te gen lafwa nan Bondye lè li te beni Jakòb ak Ezayi pou bagay ki te gen pou rive pita. 21 Jakòb te gen lafwa nan Bondye. Lanmò te prèt pou pase pran l, lè l te beni pitit gason Jozèf yo youn apre lòt. Li t apiye sou baton l, epi li t ap adore Bondye.

22 Jozèf te gen lafwa nan Bondye. Nan dènye jou lavi li, li te pale sou moman pèp Izrayèl la te gen pou yo kite peyi Lejip. Li te tou di yo sa pou yo fè ak zosman li yo lè yo retounen nan peyi yo.

23 Paran Moyiz yo te gen lafwa nan Bondye. Apre pitit la fin fèt, yo te wè l bèl, epi yo sere l pandan twa mwa. Yo pa t pè dekrè wa a, malgre sa yo te fè a te kont lòd wa a te pase.

24-25 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Lè l vin gen laj majè, li pa t vle moun di li se pitit gason pitit fi Farawon an. Li te chwazi pou l sibi move tretman avèk pèp Bondye a olye l te mennen yon vi pechadò pou yon tan. 26 Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an.

27 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a. 28 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a.[c]

29 Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye.

30 Se lafwa nan Bondye ki te lage miray Jeriko yo atè, apre pèp Izrayèl la te fè laviwonn vil la pandan sèt jou.

31 Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo.

32 Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. 33 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, konsa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. 34 Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo. 35 Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. 36 Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. 37 Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo. 38 Lemonn pa t merite yo, yo te twò swa pou lemonn. Yo te tankou refijye ki san plas nan tout dezè, nan tout mòn. Yo te viv nan gwòt ak nan tou wòch.

39 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. 40 Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.

Footnotes

  1. 11:10 vil Se vil espirityèl kote Bondye ap viv ak pèp li a. Li rele “Jerizalèm selès” tou. Gade nan Ebre 12:22.
  2. 11:17-18 Sitasyon sa a soti nan Jen 21:12.
  3. 11:28 zanj lanmò a Literalman, “Sila a k ap detwi.” Bondye te voye yon zanj pou l touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo. Se pini li t ap pini yo. Gade nan Egz 12:29-32.