Add parallel Print Page Options

Se mwen menm, Ansyen[a] an, k ap salye w, Gayis,

zanmi byeneme m nan.

Mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou, menm jan nanm ou gen bon sante a. Sa fè m kontan anpil lè kèk frè kretyen te vizite m epi yo te di m ou ap kenbe fèm nan verite a.[b] Pa gen anyen pou ta fèm pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap mache daprè verite a.

Byeneme, se yon bon bagay pou nou kontinye ede kwayan yo, menm si se moun ou pa menm konnen. Yo temwanye devan legliz la kijan nou genyen lanmou. Tanpri ede frè yo kontinye vwayaj la yon fason ki fè lwanj pou Bondye. Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo. Se poutèt sa, nou ta dwe resevwa moun konsa. Lè sa a, nou vin kolaboratè avèk yo nan travay y ap fè pou verite a.

Mwen te ekri legliz la yon lèt. Men, Dyotrèf ki pran tèt pou yon lidè, li refize resevwa l. 10 Pou rezon sa a, lè m a rive bò kote nou m va devwale tout vye zak l ap fè yo. Non sèlman li pa resevwa moun yo, men li menm anpeche lòt moun resevwa yo. Li menm ap eseye mete yo deyò nan legliz la.

11 Zanmi m, pa imite sa ki mal. Imite sa ki bon. Nenpòt moun ki fè sa ki byen se pitit Bondye li ye. Men moun k ap fè sa ki mal pa t janm konnen Bondye.

12 Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.

13 Mwen genyen anpil bagay pou m ta ekri voye ban nou. Men m pa vle ekri yo ak plim epi ak lank. 14 M swete pa twò lontan mwen ka vin wè nou, lè sa a n a pale fasafas. 15 M ap priye Bondye pou li ban nou kè poze. Zanmi yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m yo endividyèlman mwen voye salye yo.

Footnotes

  1. 1:1 Ansyen Se petèt apot Jan li menm. “Ansyen” vle di yon mesye aje oubyen yon lidè espesyal nan legliz la (tankou nan Tit 1:5).
  2. 1:3 verite a La verite oubyen “Bòn Nouvèl” konsènan Jezikris ki mare tout kwayan yo ansanm. Se menm bagay la ki nan vèsè 8, 12.