Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

2 Wa 14  Haitian Creole Version

14 ¶ Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida.

2 Li te gen vennsenkan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan. Se te yon moun lavil Jerizalèm.

3 Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'.

4 Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo.

5 Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'.

6 Men, li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske, dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, Seyè a te di: Papa pa gen dwa peye pou sa pitit li yo fè, ni pitit pa gen dwa peye pou sa papa yo fè. Chak moun va peye pou sa yo fè.

7 Amasya te touye dimil (10.000) sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l' Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.

8 ¶ Apre sa, Amasya voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li mande l' batay.

9 Joas voye reponn li: --Yon lè, yon touf pikan ki te sou mòn Liban voye yon misyon bay pye sèd la. Li di l' konsa: Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt nan bwa pase bò la, li kraze touf pikan an.

10 Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a?

11 Men, Amasya derefize koute l'. Se konsa, Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Betchemèch nan peyi Jida.

12 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y' al lakay yo.

13 Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemèch. Lèfini li mache sou lavil Jerizalèm, li kraze miray ranpa lavil la depi nan Pòtay Efrayim rive bò Pòtay Kwen an sou yon longè sankatreven mèt antou.

14 Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a ak tout richès ki te nan palè wa a. Li pote yo avè l' lavil Samari, san konte kantite moun li te fè prizonye sou kondisyon.

15 ¶ Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

16 Lè Joas mouri, yo antere l' lavil Samari nan kavo wa Izrayèl yo. Se Jewoboram, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.

17 Amasya, pitit Joas, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la.

18 Tout rès istwa Amasya a ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

19 Yo moute yon konplo lavil Jerizalèm pou yo touye Amasya. Se konsa Amasya kouri al kache lavil Lakis. Men, lènmi l' yo rapouswiv li, yo touye l'.

20 Apre sa, yo mete kadav li sou chwal, yo tounen avè l' lavil Jerizalèm, yo antere l' lavil David la nan kavo zansèt li yo.

21 Tout pèp peyi Jida a pran Azarya, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Azarya te gen sèzan lè sa a.

22 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa Jida a, apre lanmò papa l'.

23 ¶ Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an.

24 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.

25 Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l' la, mesaj la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè.

26 Seyè a te wè jan pèp Izrayèl la t'ap soufri anpil. Tout moun, jenn gason kou granmoun, t'ap pase pa yo. Pa t'gen pyès moun pou pote yo sekou.

27 Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pa t' janm lide l' pou l' te disparèt yo sou latè.

28 Tout rès istwa Jewoboram lan, tou sa li fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè, jan li te fè lavil Damas ak lavil Amat soti anba men moun Jida yo tounen anba otorite wa Izrayèl la, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo.

29 Lè Jewoboram mouri, yo antere l' menm kote ak tout wa Izrayèl yo. Se Zakari, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Next
2 Wa 13
2 Wa 15
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences