Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

2 Timote 2  Haitian Creole Version

2 ¶ Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.

2 Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.

3 Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.

4 Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.

5 Lè yon moun ap aprann kouri pou l' ka patisipe nan yon konkou, li p'ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a.

6 Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la.

7 Fè tèt ou travay sou sa m' ap di ou la a. Seyè a va fè ou konprann tout bagay.

8 ¶ Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmò, jan sa di nan bon nouvèl la.

9 Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn.

10 Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an.

11 Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou.

12 Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.

13 Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l'ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li.

14 ¶ Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo.

15 Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a.

16 Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.

17 Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt.

18 Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.

19 ¶ Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.

20 Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdenè.

21 Si yon moun kenbe kò l' pou l' pa fè sa ki mal, y'a fè l' fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l'ap pare pou l' fè nenpòt bagay ki byen.

22 ¶ Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

23 Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.

24 Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans.

25 Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.

26 Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.

Next
2 Timote 1
2 Timote 3
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences