Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

2 Timote 1  Haitian Creole Version

1 ¶ Mwen menm, Pòl, se Bondye ki te vle chwazi m' pou sèvi apòt Jezikri, pou fè konnen lavi li te pwomèt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a.

2 M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.

3 M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l' mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lè m'ap lapriyè.

4 Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wè ou pou kè m' ka kontan nèt.

5 Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou.

6 ¶ Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m' te mete men sou tèt ou a.

7 Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

8 Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la.

9 Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

10 Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.

11 Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif.

12 Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.

13 Pran egzanp sou pawòl verite mwen te ba ou yo. Kenbe fèm nan konfyans ak nan renmen nou jwenn nan Jezikri.

14 Ak lasistans Sentespri ki nan kè ou la, kenbe tout bon pawòl yo te moutre ou yo tankou yon depo ki sou kont ou.

15 ¶ Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m' pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn.

16 Mwen mande Seyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pa t' wont mwen dèske mwen te nan prizon.

17 Okontrè, lè li rive lavil Wòm, li touye tèt li chache m' jouk li jwenn mwen.

18 Se pou Seyè Jezi fè Bondye gen pitye pou li lè gran jou a va rive. Ou chonje tout sèvis li te rann mwen lavil Efèz?

Next
1 Timote 6
2 Timote 2
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences