Add parallel Print Page Options

Men sa m ap mande w ak tout fòs mwen, nan prezans Bondye ak nan prezans Jezikris ki gen pou vin jije vivan kou mò, epi pou tabli wayòm li a. Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.

Paske, gen yon jou k ap vini, moun yo p ap vle tande yon ansèyman ki dwat. Men yo pral swiv moun k ap anseye bagay ki fè yo plezi. Yo pral fè apèl ak moun k ap di sa yo ta renmen tande. Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti. Men ou menm, kontwole tèt ou byen nan tout bagay. Sipòte soufrans, travay nan anonse Levanjil. Travay pou w yon bon sèvitè.

Paske pou mwen menm, lavi m pral kòm yon sakrifis pou Bondye. Lè a rive pou m kite tè sa a. Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman. Kounye a, mwen ranpòte laviktwa. Kouwòn rekonpans kous la ki montre mwen se yon moun ki dwat devan Bondye a, l ap tann mwen. Wi, Senyè a, ki rann jistis san patipri, l ap ban mwen l, lè jou a va rive. Se pa mwen menm sèlman, men tout moun ki t ap tann jou Senyè a va retounen, avèk lanmou nan kè yo pou li, l ap bay yo l tou.

Kèk pawòl pèsonèl

Fè sa w kapab pou w vin jwenn mwen byen vit. 10 Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi. 11 Se sèlman Lik ki rete avè m. Lè w ap vini, mennen Mak avè w, paske l ap enpòtan pou mwen nan travay m ap fè isit la. 12 Mwen voye Tichik ale nan Efèz.

13 Lè m te nan Twoas, mwen te kite yon manto m lakay Kapis. Lè w ap vini, pote l pou mwen. Pote liv mwen yo pou mwen tou, liv ki sou pachemen yo, se yo m bezwen.

14 Aleksann, fòjewon an, li fè m anpil mechanste. Senyè a ap jije l daprè zèv li. 15 Ou menm tou, veye kò w avè l, paske se yon nonm k ap fè opozisyon ak tout sa n ap anseye.

16 Lè m t ap defann mwen pou premye fwa a, pèsòn pa t ede m. Tout moun vire do ban mwen. Mwen priye pou Bondye pa pran sa pou anyen. 17 Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an. 18 Senyè a va delivre m tou, lè nenpòt moun va vle fè m mechanste. Senyè a ap fè m rive nan wayòm syèl li a san pwoblèm. Tout laglwa se pou Senyè a, pou tout tan gen tan. Amèn!

Salitasyon final

19 Mwen voye salye Priska ak Akilas, salye fanmi Onezifò yo tou. 20 Oras rete nan Korent. Mwen kite Twofim tou malad a Milè. 21 Fè vit pou w vini anvan livè a rive.

Ebilis, Pidens, Linis, Klodya ansanm ak tout lòt frè ak sè yo voye salye w.

22 Timote, mwen priye pou Senyè a akonpanye lespri w! Se pou gras li avèk nou tout! Amèn.