Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm, Pòl, se Bondye ki te vle chwazi m' pou sèvi apòt Jezikri, pou fè konnen lavi li te pwomèt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a.

M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.

M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l' mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lè m'ap lapriyè.

Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wè ou pou kè m' ka kontan nèt.

Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou.

¶ Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m' te mete men sou tèt ou a.

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la.

Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

10 Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.

11 Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif.

12 Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.

13 Pran egzanp sou pawòl verite mwen te ba ou yo. Kenbe fèm nan konfyans ak nan renmen nou jwenn nan Jezikri.

14 Ak lasistans Sentespri ki nan kè ou la, kenbe tout bon pawòl yo te moutre ou yo tankou yon depo ki sou kont ou.

15 ¶ Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m' pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn.

16 Mwen mande Seyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pa t' wont mwen dèske mwen te nan prizon.

17 Okontrè, lè li rive lavil Wòm, li touye tèt li chache m' jouk li jwenn mwen.

18 Se pou Seyè Jezi fè Bondye gen pitye pou li lè gran jou a va rive. Ou chonje tout sèvis li te rann mwen lavil Efèz?

Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris,[a] paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.

Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan.

Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!

Remèsiman ak ankourajman

Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè. Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa. Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se konsa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te konsa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre. Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a. Paske Sentespri Bondye ban nou an, li pa rann nou timid. Okontrè, Lespri sa a ranpli nou ak fòs, ak lanmou epi ak bon kontwòl sou tèt nou.

Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.

Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste. 10 Kounye a, don an parèt aklè, lè Jezikris te vin fèt. Li kraze puisans lanmò epi pa mwayen Bòn Nouvèl la, li montre nou chemen lavi pou tout tan.

11 Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè. 12 Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.

13 Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris. 14 Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.

15 Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen. 16 M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an. 17 Non, li pa t wont. Lè l te vini nan lavil Wòm, li chache jouktan l jwenn mwen. 18 M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.