Add parallel Print Page Options

¶ Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.

Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m' te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lè a rive pou n' resevwa favè Bondye a; se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans.

Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutèt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa bay pesonn okazyon tonbe nan peche.

Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere.

Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje.

Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kè, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kè mwen,

pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sèvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tèt mwen.

Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m' wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m' mal. Yo fè m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di.

Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen.

10 Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.

11 ¶ Zanmi m' yo, moun Korent, mwen pale kare avè nou, mwen louvri tout kè m' ban nou.

12 Se pa mwen ki te fèmen kè m' ban nou, se nou menm ki te fèmen kè nou ban mwen.

13 Se poutèt sa, m'ap pale avè nou tankou si nou te pitit mwen. Santiman mwen gen pou nou an se li menm tou pou nou gen pou mwen: louvri tout kè nou ban mwen.

14 Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?

15 Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè?

16 Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.

17 Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.

18 M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Nou menm k ap travay ak Bondye, n ap priye w angras, pa gaspiye don ou te resevwa nan men Bondye. Bondye di:

“Nan pi bon moman an, mwen te tande w
    nan jou delivrans lan mwen te pote w sekou.”[a]

Ebyen, kounye a menm se moman favorab la. Kounye a menm se jou delivrans lan.

Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch. Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite. Nou pran baton, nou pran prizon, lapopilas atake nou. Nou sipòte tout kalite fatig, nou pase nuit san somèy, nou sibi grangou. Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik, nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.

Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a. Yo trete nou kòm enkoni, poutan yo byen konnen nou. Yo trete nou tankou moun ki prèske mouri poutan nou byen vivan. Yo pini nou men yo pa touye nou. 10 Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.

11 Zanmi m yo nan Korent, nou pale ak senserite. Nou louvri kè nou ba ou. 12 Wi, plas ou toujou nan kè nou. Se ou menm ki sanble ou pa gen plas nan kè w pou nou. 13 M ap pale ak nou tankou papa ak pitit. Fè menm jan ak nou, louvri kè w byen laj ba nou!

Nou se Tanp Bondye vivan an

14 Pa fè ekip ak moun ki pa kwè nan Bondye. Byen ak mal pa ka viv ansanm. Limyè ak tenèb pa ka rete nan menm chanm. 15 Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la?[b] Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? 16 Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye[c] vivan an. Se Bondye menm ki di l:

“Mwen pral rete ansanm avèk yo.
    Mwen pra l mache avèk yo.
Se mwen menm ki va Bondye yo
    epi se yo menm k ap pèp mwen.”[d]
17 “Se sa k fè pawòl Senyè a di:
Soti nan mitan yo.
    Separe w, retire kò w sou yo.
Pa touche anyen ki pa pwòp,
    epi m ap aksepte ou.”[e]
18 “M va yon papa pou ou
    ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen,
    se sa Senyè ki toupisan an di.”[f]

Footnotes

  1. 6:2 Sitasyon sa a soti nan Eza 49:8.
  2. 6:15 dyab la Literalman, “beliar”, se yon fòm pou mo Ebre “belyal”, ki vle di “san diyite” yo te sèvi ak mo sa a kòm yon referans pou dyab la ou byen lènmi Kris la.
  3. 6:16 tanp Bondye Kay Bondye, kote pèp Bondye a vini pou adore Bondye. Nan kontèks sa a li vle di kretyen yo se tanp espirityèl kote Bondye ap viv.
  4. 6:16 Sitasyon sa a soti nan Lev 26:11-12.
  5. 6:17 Sitasyon sa a soti nan Eza 52:11.
  6. 6:18 Sitasyon sa a soti nan 2 Sa 7:14; 7:8.