Add parallel Print Page Options

Jezi se wòch ki pi enpòtan an

Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay. Se pou nou toujou vle bwè bon lèt espirityèl, san melanj tankou ti bebe ki fenk fèt. Lè sa a, n ap grandi epi n ap sove. Nou gentan goute jan Senyè a bon deja.

Jezi, Senyè a, se wòch vivan an.[a] Lemonn voye l jete, men se li menm Bondye chwazi kòm wòch ki gen plis valè a. Se poutèt sa, vin jwenn li. Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp[b] espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. Bib la di:

“Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè,
    mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an.
Moun ki mete konfyans yo nan li
    p ap janm wont.”[c]

Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo:

“Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”[d]

Pou moun sa yo, li se

“yon wòch k ap fè moun fè bitay,
    yon wòch k ap fè moun tonbe.”[e]

Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo.

Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.

10 Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye,
    men kounye a, nou se pèp Bondye.
Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou,
    men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.[f]

Viv pou Bondye

11 Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an. 12 Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.

Obeyi chèf

13 Soumèt nou anba tout otorite ki nan lemonn poutèt Senyè a. Obeyi wa a ki pi gwo otorite a. 14 Obeyi chèf wa a mete tou pou pini moun k ap fè move bagay ak pou rekonpanse moun k ap fè bon bagay. 15 Lè n fè byen, nou fèmen bouch moun sòt yo, pou yo pa ka di move bagay sou nou. 16 Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye. 17 Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a.

Swiv egzanp Jezi

18 Nou menm esklav, mete nou pare pou n sèvi mèt nou. Fè sa avèk anpil respè. Obeyi bon mèt yo ak sa yo ki gen bon kè. Se pa yo sèlman pou n obeyi, obeyi mèt ki move yo tou. 19 N ap sibi soufrans nou pa merite epi se paske nou vle rete fidèl pou Bondye. Si se konsa, se yon bon bagay. 20 Si yo pini nou pou move bagay nou fè, alò pa gen rezon pou yo felisite nou. Men si nou soufri ak pasyans pou bon bagay nou fè, sa ap fè Bondye plezi. 21 Se pou bagay sa yo menm Bondye te rele nou, paske Kris la li menm, li te soufri pou nou. Konsa, li ban nou yon egzanp pou nou swiv:

22 “Li pa janm peche
    epi li pa janm bay manti.”[g]

23 Yo te joure l, men li pat reponn. Li te soufri, men li pat fè pèsonn menas. Li te lage koz li nan men Bondye ki jije san patipri. 24 Kris te pote peche nou yo nan kò li sou lakwa. Se poutèt sa nou fin viv pou peche epi nou ka mennen yon vi ki fè Bondye plezi. 25 Nou te tankou mouton ki pèdi wout nou. Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.

Footnotes

  1. 2:4 wòch vivan an Wòch ki pi enpòtan nan tanp espirityèl Bondye a (pèp Bondye a).
  2. 2:5 tanp Literalman, “kay”, lakay Bondye, plas kote pèp Bondye a ap adore l. Isit la, li vle di kwayan yo se tanp espirityèl la kote Bondye ap viv.
  3. 2:6 Sitasyon sa a soti nan Eza 28:16.
  4. 2:7 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:22.
  5. 2:8 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:14.
  6. 2:10 Gade nan Oze 2:23.
  7. 2:22 Sitasyon sa a soti nan Eza 53:9.