Add parallel Print Page Options

¶ Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou,

paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo.

Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou.

Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.

Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo.

Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk pou li te rele l' mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.

Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou.

¶ Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.

Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an.

10 Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l' anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l' kenbe lang li pou l' pa pale moun mal. Se pou l' veye bouch li pou l' pa bay manti.

11 Se pou l' sispann fè sa ki mal, se pou l' fè sa ki byen. Se pou l' chache viv byen ak moun. Se pou l' fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.

12 Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.

13 Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè?

14 Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.

15 Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an.

16 ¶ Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.

17 Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n' soufri, li pa vle nou fè sa ki mal.

18 ¶ Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.

19 Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo.

20 Se nanm moun ki nan tan lontan te derefize kwè nan Bondye. Se te sou tan Noe. Lè sa a, Bondye t'ap tann ak pasyans pandan Noe t'ap fè gwo batiman an. Nan batiman sa a, se kèk moun sèlman, wit moun antou, ki te sove nan dlo a.

21 ¶ Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò,

22 ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.

Fason pou mari yo viv ak madanm yo

Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale. Mari nou yo ap sèlman wè kalite bon lavi n ap mennen nan respè pou Bondye. Se pa bèl kout peny, anpil bijou, rad chè ki dwe fè nou bèl. Men se yon bèlte anndan nou bezwen. Chache genyen yon karaktè ki dou epi poze. Se sa ki gen valè nan je Bondye epi ki p ap janm pase.

Se konsa medam nan tan lontan ki te kwè nan Bondye yo te konn fè yo bèl. Yo te soumèt devan mari yo. Tankou Sara ki te obeyi Abraram jouk li te rele l: “Mèt mwen.” Nou se pitit fi Sara si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.

Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.

Gen soufrans nan mennen yon vi ki dwat

Pou fini, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj. Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou. 10 Bib la di:

“Si nou vle viv byen,
    e si nou vle viv lontan sou latè,
evite pale moun mal,
    evite bay manti.
11 Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen.
    Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.
12 Paske Senyè a gen je li sou moun k ap fè sa ki byen,
    li tou prèt pou l tande priyè yo.
    Men li kont tout moun k ap fè sa ki mal.”[a]

13 Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? 14 Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”[b] 15 Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. 16 Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.

17 Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle.

18 Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo.
    Li menm ki te inosan,
li mouri pou koupab yo,
    pou l mennen yo bay Bondye.
Moun yo te touye l,
    men Sentespri Bondye a te resisite l.

19 Se ak puisans Sentespri Bondye a l al pwoklame laviktwa l pami lespri ki nan prizon yo. 20 Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a. 21 Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikri te leve vivan nan lanmò. 22 Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.

Footnotes

  1. 3:12 Sitasyon sa a soti nan Sòm 34:12-16.
  2. 3:14 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:12.