Add parallel Print Page Options

¶ Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.

Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.

Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.

Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.

Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

¶ Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.

Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou.

Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.

Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.

10 Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye.

11 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye.

12 Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.

13 Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.

14 Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.

15 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li.

16 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.

Men mesaj mwen an: Jezi krisifye sou lakwa

Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj[a] sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save. Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa. Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè. Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun. Konsa, lafwa nou pa chita sou baz sajès lèzòm, men l chita pito sou pouvwa Bondye.

Sajès Bondye

Nou anseye sajès pami moun ki gen matirite. Men, sajès nou anseye a pa menm kalite ak sajès mond sa a. Non, li pa menm kalite ak sajès otorite mond sa a ki pral pèdi pouvwa yo. Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l konsa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a. Men sa Bib la di:

“Se bagay je pa janm wè,
    zòrèy pa janm tande,
bagay moun pa ko menm imajine
    sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”[b]

10 Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye.

11 Ki yès ki konnen tout panse k ap travèse yon moun si se pa pwòp lespri li? Menm jan an tou, pèsonn pa konn panse Bondye, eksepte Lespri Bondye. 12 Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen.

13 Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a. 14 Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo. 15 Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun. 16 Paske Bib la di:

Ki lès ki konnen sa ki nan tèt Senyè a?
    Ki lès ki ka ba li konsèy?[c]

Men nou menm nou resevwa panse ki soti nan tèt kris la.

Footnotes

  1. 2:1 mesaj Literalman, “temwanyaj”. Kèk nan kopi Grèk yo genyen “verite ki sekrè”.
  2. 2:9 Sitasyon sa a soti nan Eza 64:4.
  3. 2:16 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:13.