Add parallel Print Page Options

Lidè ak fidèl se sèvitè Jezikris

Frè m ak sè m yo, lè m te lakay nou, mwen pa t ka pale avèk nou tankou moun Lespri Bondye a ap dirije. Mwen te pito pale avèk nou tankou moun ki pa konvèti. Mwen te pale avèk nou tankou ti bebe nan lafwa nou mete nan Kris la. Se ti lèt mwen te ba nou. Mwen pa t ba nou gwo manje, paske nou pa t ka sipòte gwo manje. Dayè, jouk jodi a, nou pa ko pare pou nou pran gwo manje. Rezon an senp: nou toujou ap panse epi viv tankou moun ki pa gen Sentespri a. Gen jalouzi ak chire pit nan mitan nou. Èske l pa klè nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti? Lè yon moun di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Epi yon lòt di: “Mwen, se Apolòs m ap swiv!” Sa se prèv nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti.

Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè. Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi. Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi. Moun ki plante a ak moun ki wouze a yo gen menm bi. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa l selon travay li te fè. Nou se kolaboratè nan travay Bondye. Ou se jaden kote n ap travay la. Ou se bilding n ap bati a.

10 Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an. 11 Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon. 12 Gen moun ki sèvi ak lò, lajan, lòt materio yo fè bijou, bwa oswa pay pou bati sou fondasyon an. 13 Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun. 14 Si kay yon moun te bati sou fondasyon an pase nan dife a san l pa boule, moun sa a ap resevwa yon salè pou travay li. 15 Men si kay la boule, l ap pèdi salè travay li. Moun nan ap sove. Men l ap tankou moun ki chape dejistès anba dife.

16 Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou? 17 Tanp Bondye a sen. Nou se tanp Bondye a. Si yon moun domaje tanp Bondye a, Bondye ap domaje l tou.

18 Pa bay tèt nou manti. Yon moun ki panse l saj nan je lèzòm dwe tounen moun fou pou l ka vin saj toutbon vre. 19 Mwen di sa paske sajès mond sa a se foli nan je Bondye. Sa Bib la deklare a klè: “Li pran moun saj yo nan pwòp pyèj yo.”[a] 20 Bib la deklare tou: “Senyè a konnen panse moun saj yo. Li konnen panse sa yo pa vo anyen.”[b] 21 Konsa nou pa bezwen ap vante lidè ki pami nou yo. 22 Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja. 23 Nou menm nou pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.

Footnotes

  1. 3:19 Sitasyon sa a soti nan Jòb 5:13.
  2. 3:20 Sitasyon sa a soti nan Sòm 94:11.