Add parallel Print Page Options

Don espirityèl yo dwe osèvis Legliz

14 Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi. Mwen pral eksplike nou pouki. Moun ki gen don pale nan lang enkoni, yo p ap pale ak lòt moun. Men y ap pale ak Bondye, paske lòt moun pa konprann sa y ap di. Y ap di yon bann mistè anba kontwòl Sentespri a. Moun k ap pwofetize ap pale dirèkteman ak lòt moun. Mesaj y ap bay la fè lòt moun gen yon fwa ki pi djanm. Li enkouraje moun, li pote konsolasyon pou lòt moun. Moun k ap pale lang enkoni edifye pwòp tèt li. Moun k ap pwofetize edifye legliz la an antye.

Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la.

Frè m ak sè m, kisa sa t ap itil nou, si m ta vin lakay nou epi se anlang m ap pale? L ap itil nou yon bagay si m pote yon mesaj nouvo ki soti nan Bondye oswa yon nouvo konesans, yon pwofesi oswa yon nouvo ansèyman. An nou pran egzanp kèk enstriman mizik tankou flit oswa hap. Si son yo bay la pa klè, kijan n ap fè konnen ki melodi k ap jwe? Si twonpèt la pa bay son klè pèsòn p ap prepare yo pou y al nan lagè.

Se menm bagay pou nou tou. Si nou pa pale klè, nan yon langaj moun konnen, se anlè n ap pale, paske moun p ap konprann sa n ap di. 10 Gen anpil lang sou latè. Yo tout gen siyifikasyon pa yo. 11 Men si m pa konnen lang moun ki kote m nan ap pale a, li se yon etranje pou mwen menm jan mwen se yon etranje pou li. 12 Se sa k fè nou menm ki anvi gen don espirityèl yo, se pou nou fikse kè nou sou don k ap fè legliz la vin pi fò yo.

13 Konsa, yon moun ki pale an lang bezwen priye pou Bondye ba li don pou entèpretasyon tou. 14 Si m ap priye an lang, se lespri k ap priye, men entèlijans mwen p ap travay. 15 Konsa, kisa m dwe fè? M ap priye ak lespri m, m ap priye ak entèlijans mwen tou. M ap chante ak lespri m, m ap chante ak entèlijans mwen tou. 16 Ou gen dwa ap louwe Bondye byen fon nan lespri ou, men si moun ki kote w la pa konprann sa w ap di, li p ap janm di “Amèn.” 17 Priyè w la te mèt yon bèl priyè de remèsiman, epi li pa ede okenn lòt moun grandi.

18 Mwen di Bondye mèsi paske li ban m yon don pale an lang ki depase nou tout. 19 Men lè m nan reyinyon legliz, mwen pito di senk mo mwen konprann olye m di dimil mo nan yon lòt lang moun pa konprann. Mwen fè l konsa pou lòt moun ka benefisye sa m ap fè a.

20 Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun. 21 Men sa ki ekri nan Bib la[a]:

“M ap sèvi ak moun ki pale yon lòt lang
    epi map sèvi ak bouch moun etranje
pou m pale ak moun sa yo,
    menm lè sa a, yo p ap koute m.”[b]

Se Senyè a menm ki di sa.

22 Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè. 23 Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou? 24 Men an n sipoze se pwofetize nou tout t ap pwofetize, epi gen moun ki pa gen konprann oswa ki pa kwè ki antre nan reyinyon an. Pawòl ki ap di yo ap fè peche l vin parèt jan l ye a devan l. 25 Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”[c]

Reyinyon nou yo dwe gen lòd

26 Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt. 27 Si gen moun k ap pale yon lang diferan se pou sèlman de ou twa pale. Epi se pou yo pale youn apre lòt. Anplis fòk gen yon moun ki pou entèprete sa y ap di a. 28 Si pa gen moun ki pou entèprete, se pou moun ki vle pale diferan lang lan rete an silans. Oubyen, se pou l pale ak pwòp tèt li epi ak Bondye.

29 Se sèlman de oubyen twa pwofèt ki pou pale. Se pou lèzòt evalye pawòl ki di yo. 30 Epi si pami moun ki chita yo, gen youn ki resevwa yon mesaj ki soti nan Bondye, se pou moun ki t ap pale anvan an chita. 31 Wi, nou tout ka pale nan non Bondye, men nou bezwen fè l youn apre lòt. Konsa, nou tout ap resevwa ansèyman an, nou tout ap jwenn ankourajman. 32 Pwofèt yo gen kontwòl sou jan pou yo egzèse don pwofesi Bondye ba yo a. 33 Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini.

34 Medam yo dwe rete an silans nan reyinyon legliz yo. Yo pa gen otorizasyon pou yo pran lapawòl. Jan lalwa Moyiz la di l la, yo dwe rete soumi. 35 Si yo bezwen eksplikasyon sou yon bagay, se pou yo mande mari yo lè yo rive lakay. Se yon wont pou medam yo ap bay opinyon yo konsa lè legliz la reyini.

36 Se pa nou ki te premye resevwa pawòl Bondye a, ni nou pa sèl moun ki resevwa pawòl Bondye a. 37 Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a. 38 Nenpòt moun ki pa rekonèt sa, yo p ap rekonèt li nonplis.

39 Konsa, frè ak sè m, se pou pwofesi tounen youn nan pi gwo dezi nou. Pa anpeche lòt moun sèvi ak don yo genyen pou pale diferan lang. 40 Men se pou tout bagay fèt nan fason ki kòrèk ak nan lòd.

Footnotes

  1. 14:21 Bib la Literalman, “lwa”, ki vle di kèk fwa Ansyen Testaman.
  2. 14:21 Sitasyon sa a soti nan Eza 28:11-12.
  3. 14:25 Gade nan Eza 45:14 ak Zak 8:23.