Add parallel Print Page Options

11 Swiv egzanp mwen, menm jan mwen swiv egzanp Kris la.

Kèk prensip pou reyinyon nou yo

Mwen fè nou konpliman paske nou toujou sonje m. Nou toujou fè efò pou mete ansèyman m yo an pratik, jan m te ban nou yo a. Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an[a] epi se Bondye ki alatèt Kris.

Yon gason, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li kouvri, ap fè chèf li wont. Men yon fi, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li san kouvri, ap fè chèf li wont. Li se menm bagay ak yon fi ki kale tèt li. Si yon fi pa vle kouvri tèt li, li mèt tou kale l. Men si se yon wont pou yon madanm kale tèt li, se pou l mete yon bagay pou kouvri tèt li.

Men yon gason pa dwe kouvri tèt li paske li se reflè imaj ak glwa Bondye. Men fi yo se reflè glwa gason an. Bondye pa t kreye gason apati kò fi, men li te kreye fi apati kò gason. Donk, Bondye pa t kreye gason pou fi. Li te kreye fi pou gason. 10 Se sa k fè yon fi dwe kouvri tèt li ak yon siy ki montre li anba yon otorite.[b] Li dwe fè l tou poutèt anj yo.

11 Sepandan, nan Senyè a, fi depann de gason menm jan gason depann de fi. 12 Fi kreye apati gason. Gason soti nan vant fi. Se Bondye vre ki kreye tout bagay.

13 M ap kite nou ak desizyon: dapre nou èske se yon bon bagay pou yon fi priye Bondye nan piblik san l pa gen anyen sou tèt li? 14 Menm lanati fè nou konnen se yon wont pou yon gason kite yon pakèt cheve nan tèt li. 15 Poutan se yon glwa pou medam yo gen long cheve. Cheve a sèvi yon vwal natirèl pou fi a. 16 Si yon moun vle kontinye pale anpil sou kesyon sa, kite m tou di l: ni nou menm ni legliz Bondye yo pa gen abitid sa a.

Repa Senyè a

17 Mwen pa felisite nou ditou sou sa m pral di la a. Reyinyon nou yo fè plis mal pase byen. 18 Premye pwoblèm mwen tande, se lè nou reyini an asanble lan gen divizyon nan mitan nou. Se pa yon bagay ki difisil pou moun konprann, 19 poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.

20 Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.[c] 21 Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.[d] 22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen konsa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.

23 Sonje! Ansèyman mwen te transmèt ba nou se egzateman sa mwen te resevwa nan men Senyè a: Nan nuit yo t a pral livre l la, Jezi te pran pen. 24 Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.” 25 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.” 26 Sa vle di: chak fwa nou manje pen sa a epi nou bwè nan koup diven sa a, se istwa lanmò Senyè a n ap fè lòt moun konnen jouktan li retounen.

27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè nan koup nan Senyè a yon fason ki dezonore l, li komèt yon peche kont kò ak san Senyè a. 28 Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou. 29 Nenpòt moun ki manje oswa bwè san okenn konsiderasyon pou sa yo ki fè pati kò Kris la, se kondanasyon l ap rale met sou tèt li. 30 Se poutèt sa gen anpil moun pami nou ki fèb epi ki malad. Gen kèk ki enfim epi plizyè lòt gen tan mouri. 31 Men si nou te byen egzamine pwòp tèt nou, Bondye pa t ap bezwen jije nou konsa. 32 Lè Senyè a jije nou, li pini nou pou l ka mete nou nan bon chemen. Li fè l konsa pou l pa bezwen kondane nou avèk lemonn.

33 Konsa frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, nou dwe montre nou ospitalite youn pou lòt. 34 Si gen moun ki santi yo twò grangou pou yo tann lòt moun, se pou yo rete manje lakay yo. Wi, fè l konsa pou lè nou reyini ansanm se pa jijman Bondye n ap rale sou nou. Lè m vini n a pale sou lòt bagay yo.

Footnotes

  1. 11:3 gason an Li ka vle di tou “mari li.”
  2. 11:10 li anba yon otorite Li ka vle di tou, “li gen otorite pou fè sa.”
  3. 11:20 Repa Senyè a “Soupe Senyè a” se repa espesyal Jezi te manje ak disip li yo. Lè sa a li te mande yo pou yo sonje l. Gade nan Lik 22:14-20.
  4. 11:21 sou Yo manje oswa yo bwè twòp.