Font Size
Lik 10:25-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 10:25-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yon istwa konsènan yon bon Samariten
25 Apre sa, yon doktè Lalwa ki te vle pran Jezi nan pyèj leve kanpe epi li poze l kesyon sa a: “Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”
26 Jezi reponn li: “Ki sa ki ekri nan Liv Lalwa a? Ki sa ou wè l di?”
27 Doktè Lalwa a reponn: “Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout panse w;[a] epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[b]
28 Lè sa a, Jezi di li: “Ou konnen ou byen reponn. Annik fè sa a epi ou ap gen lavi etènèl.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International