Add parallel Print Page Options

21 ¶ Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.

Pèp la moute lavil Betèl, yo chita devan Bwat Kontra Seyè a jouk aswè. Yo t'ap rele, yo t'ap kriye ak gwo dlo nan je yo.

Yo t'ap di: -Seyè o, Bondye pèp Izrayèl la, poukisa sa rive? Poukisa gen yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki manke jòdi a?

Nan denmen, moun yo leve byen bonè, yo bati yon lotèl. Yo boule bèt nan dife nèt sou li, yo fè ofrann pou mande Bondye padon.

Lèfini, yo t'ap mande: -Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' nan reyinyon nou te fè devan Seyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyè a.

Men, pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn pou moun Benjamen yo, frè yo. Yo t'ap di: -Wi jòdi a, pèp Izrayèl la pèdi yon branch fanmi vre!

Kisa nou pral fè pou ti rès ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fè sèman devan Seyè a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm.

Lè sa a, yo mande: -Kilès nan branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' moute lavil Mispa devan Seyè a? Yo jwenn pesonn nan lavil Jabès nan peyi Galarad la, pa t' vin nan kan an pou patisipe nan reyinyon an.

Lè yo t'ap konte moun ki te la yo, pa t' gen yon moun nan lavil Jabès nan peyi Galarad la.

10 Se konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil (12.000) sòlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lòd sa a: -Ale nan peyi Galarad. Touye dènye moun lavil Jabès, ata fanm ak timoun.

11 Men sa pou nou fè: N'a touye dènye gason ak tout fanm ki deja marye tankou ofrann n'ap fè pou Seyè a.

12 Nan moun lavil Jabès nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan (400) jenn fi ki pa t' janm ko konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran.

13 Lèfini, tout moun ki te sanble yo voye komisyon bay moun Benjamen yo ki te bò Wòch Rimon an. Yo mande yo fè lapè.

14 Moun Benjamen yo tounen, epi lòt moun Izrayèl yo ba yo jenn fi lavil Jabès yo pa t' touye yo pou madanm. Men, pa t' gen ase pou yo tout.

15 Sa te fè pèp Izrayèl la lapenn anpil pou moun Benjamen yo, paske Seyè a te kraze tèt ansanm ki te gen nan pèp Izrayèl la.

16 ¶ Se konsa chèf ki te la yo di konsa: -Pa gen fanm ankò nan branch fanmi Benjamen an. Kisa nou pral fè la a pou nou bay rès mesye yo fanm pou yo marye?

17 Yo di ankò: -Pèp Izrayèl la pa ka pèdi yon branch fanmi. Se pou nou jwenn yon mwayen pou branch fanmi Benjamen an ka la toujou.

18 Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.

19 Apre sa yo di: -Nan kèk jou, se pral lè pou nou fè gwo fèt nou gen pou nou fè chak lanne pou Seyè a lavil Silo. Lavil Silo sa a te sou bò nò lavil Betèl, sou bò sid lavil Lebona, sou bò solèy kouche wout ki soti Betèl moute Sichèm.

20 Yo di moun Benjamen yo: -Al kache nan jaden rezen yo.

21 Lè n'a wè jenn fi lavil Silo yo soti pou y' al danse ansanm pandan fèt la, nou menm n'a soti nan jaden rezen yo. Chak moun va pran yonn ladan yo pa fòs, epi n'a ale nan peyi Benjamen avèk yo.

22 Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pa t' jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pesonn p'ap ka di nou pa t' kenbe sèman nou.

23 Mesye Benjamen yo fè sa yo te di yo fè a. Chak mesye yo pran yon fi pami sa ki t'ap danse yo, yo pati ak yo. Yo tounen nan peyi zansèt yo. Yo rebati lavil yo, epi yo rete la.

24 Lè sa a, rès moun pèp Izrayèl la leve yo pati, yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, nan pòsyon tè yo te bay zansèt yo.

25 Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun te fè sa yo pito.