Add parallel Print Page Options

10 ¶ Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi.

Bondye pale ak nonm ki te gen rad twal fin tou blan an. Li di l' konsa: -Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba bèt vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la. Mwen wè l' ale vre.

Gwo bèt vivan yo te kanpe sou bò sid tanp lan lè li antre a. Yon gwo nwaj anvayi tout lakou anndan tanp lan.

Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.

Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.

Lè Seyè a te bay nonm ak rad twal fin blan an lòd pou l' te al pran chabon dife nan mitan wou yo ki anba bèt vivan yo, nonm lan ale, li kanpe toupre yonn nan wou yo.

Yonn nan bèt vivan yo lonje men l' nan dife ki te nan mitan yo a, li pran kèk chabon dife, li mete yo nan men nonm ak rad twal fin blan an. Nonm lan pran chabon dife yo, li soti.

¶ Lè sa a, mwen wè bèt vivan yo te gen yon bagay ki te sanble ak men moun anba zèl yo.

Mwen gade, mwen wè te gen kat wou, yonn bò kote chak bèt vivan yo. Wou yo te klere tankou pyè krizolit.

10 Chak wou te gen yon lòt wou antravè nan mitan yo. Kat wou yo te gen menm fòm.

11 Lè bèt vivan yo ap mache, yo te gen dwa pran nenpòt ki direksyon san yo pa bezwen vire. Yo te mache ansanm nan direksyon yo te vle ale, san yo pa t' bezwen vire.

12 Yo te gen je sou tout kò yo, nan do yo, sou tout men yo, nan zèl yo. Te gen je sou tout kat wou yo tou.

13 Wou yo te tankou wou mwen te wè nan premye vizyon mwen an. Mwen tande yo te rele wou yo Toubouyon.

14 Chak gwo bèt vivan yo te gen kat figi. Premye figi gwo bèt vivan yo te tankou tèt yon towo bèf, dezyèm lan tankou tèt yon moun, twazyèm lan tankou tèt yon lyon, katriyèm lan tankou tèt yon malfini.

15 Se te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè,

16 y'ap deplase, wou yo deplase ansanm avèk yo tou. Lè yo louvri zèl yo pou yo vole, wou yo vole ansanm ak yo tou.

17 Lè bèt vivan yo rete an plas, wou yo rete an plas tou. Lè bèt vivan yo vole, wou yo vole ak yo tou, paske se gwo bèt vivan yo ki t'ap kontwole wou yo.

18 Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo.

19 Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.

20 Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba.

21 Yo chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl.

22 Figi yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Chak bèt vivan t'ap mache dwat devan yo.