Mak 16:1-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)
16 Nan dimanch maten, Mari, moun Magdala a, avèk Mari, manman Jak epi Salome, yo te achte luil santi bon pou t al anbome kò Jezi. 2 Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. 3 Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?”
4 Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch. 5 Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.
6 Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” 7 Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”
8 Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.[a]
Read full chapterFootnotes
- 16:8 Liv la fini la, nan kopi Grèk ki pi ansyen yo jwenn yo. Kèk kopi ki vini pi ta gen ti pati final sa a: “Men nan pi ta yo bay Pyè ak moun ki te avè l yo tout enstriksyon sa yo. Apre sa, Jezi voye yo limenm de lès a lwès ak mesaj sen sa a ki p ap janm chanje ki donk moun kapab sove pou tout tan.” Apre sa, kèk lòt kopi ajoute “Amèn.”
Copyright © 2017 by Bible League International